EminiFX, Inc. Sezi

EminiFX, Inc. Sezi

Case Number: 22-03822 (VEC)

Distri Sid New York

PREZANTASYON NAN ASANBLE KOMINAL:  Administratè Jidisyè EminiFX la pral òganize premye Prezantasyon nan Asanble Kominal li an dirèk nan mèkredi 6 septanm 2023 a 7:00 pm . (ET). Administratè jidisyè a pral bay telespektatè yo yon mizajou sou dènye aktivite yo ak sitiyasyon finansye Sezi a. Administratè Jidisyè a pral repon kesyon Itilizatè EminiFX yo te soumèt yo tou, si gen ase tan.

Y ap difize Asanble Kominal la sou ChènYouTube Sezi a la: https://www.youtube.com/@EminiFXReceiver/.

MIZAJOUAdministratè Jidisyè a ap prepare yon pwosesis pou Itilizatè EminiFX yo ka verifye tranzaksyon EminiFX yo ak pou moun ki pa Itilizatè yo ka soumèt reklamasyon yo . Administratè Jidisyè a P AP mande okenn Itilizatè EminiFX pou yo peye yon frè pou yo kapab soumèt enfòmasyon yo. Tanpri tcheke sitwèb sa a pou jwenn plis enfòmasyon, epi tanpri revize nenpòt imèl ou resevwa nan men Administratè Jidisyè a oswa ekip li nan Stretto konsènan patisipasyon w nan EminiFX.

MIJOU ENPÒTAN Dènyèman, Administratè Jidisyè a te vin okouran de yon aksyon kolektif sou non Joseph etal. v. GCC of 7th Day Adventist at al., No. 23 Civ. 21552 (SD Fla.), te depoze mwa pase a nan tribinal federal nan Miami konsènan EminiFX. Administratè Jidisyè a PA andose pwosè sa a oswa NENPÒT lòt pwosè tyès pati. Anplis de sa, y ap enfòme itilizatè EminiFX yo nan fason sa a:

  1.     Administratè jidisyè a PA te mande okenn itilizatè EminiFX pou yo peye okenn frè pou yo ka patisipe nan pwosesis sezi a oswa nan pwosesis reklamasyon an.
  2.     Patisipasyon nan Aksyon Kolektif Florid la PA obligatwa pou ranpli yon reklamasyon nan kad sezi a. Pwosesis reklamasyon k ap vini an konplètman endepandan nèt de pwosè Florid la (oswa nenpòt lòt pwosè tyès pati).
  3.     Gen yon òdonans pou sispann pwosè ki an plas, jan yo te eksplike nan Avi sou Sezi yo te voye ba ou a epi li disponib LA.
  4.     Chak itilizatè EminiFX gen dwa pou yo angaje pwòp avoka pa yo . Yo ka chwazi pou yo fè sa . Yo ka chwazi pou yo pa fè sa.
  5.     Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri voye yon imèl bay EminiFXInquiries@Stretto.com

MIZAJOU Yo ka jwenn Rapò sou Pèfòmans EminiFX ki nan yon paj chak semèn yo LA A. Ou kapab jwenn yon kopi tout Rapò sou Kondisyon Finansye EminiFX Administratè Jidisyè a fè a LA A.

MIZAJOU Administratè Jidisyè a pa bay okenn itilizatè EminiFX yon ranbousman . Li pa te depoze yon plan distribisyon nan dosye sa a, ni li pa mande pou Tribinal la apwouve OKENN distribisyon. Nenpòt enfòmasyon ou te resevwa ki lekontrè, ki gen ladan konsènan sa yo rele yon pwosesis '90 jou' a, pa kòrèk.

MIZAJOU SOU KONSIDERASYON TAKS AK 1099 YO: Administratè jidisyè a P AP voye Fòmilè 1099 bay nenpòt itilizatè EminiFX ki te resevwa lajan nan men EminiFX, etandone nati fonksyònman EminiFX . Administratè Jidisyè a pa kapab ba w okenn konsèy pandan w ap jere sitiyasyon taks pèsonèl ou. Pou sa, ou pral bezwen konsilte konseye taks pèsonèl ou.